Annonces
ACTUALITÉS

Tout sa mwen konnen, siksè’m pa lwen rive…

Annonces
0 0
Read Time1 Minute, 7 Second

Tout sa mwen konnen,
siksè’m pa lwen rive…

Mwen toupre.
Mwen santi mwen prèske rive.
Manke yon ti bout efò toujou.
Manke yon ti konsantrasyon toujou.
Mwen pa bezwen chanje wout.

Jan map fè’l lan bon.
Pèseverans mwen ap fè’m chanpyon.
Fòk mwen kontinye menm jan.
Kote m’ap pase an bon.
Bousòl mwen pap banm move direksyon.
Fòk mwen kontinye pasyan.

Mwen refize chita nan menm plas la.
M’ap goumen pou mwen chanje plas.
M’ap goumen pou mwen gen kay pa’m,
biro pa’m, chèz pa’m ak tout afè pa’m.
Mwen pat fèt pou mwen pase vi’m konsa.
Mwen pat fèt pou mwen reziyen viv nan kras.
Non! Mwen pa konsa. Non! Mwen pa moun sa.
Moun ke mwen ye a, vo lontan plis ke sa.
E se tout valè sa, ki pouse’m rebat kat la.
Se tout valè sa, ki motive’m nan chak konba’m.

Tout sa mwen rive fè jiske la,
pa pou granmesi.
Tout mizè m’ap pase kounya,
gen pou’l fini.
Byento, m’ap vire vye paj sa.
Byento, m’ap rekòmanse souri.

Si se pou mwen,
mwen pap janm abandone.
Map bay tout mwen menm,
chak jou, san kanpe.
Tout sa mwen konnen,
siksè’m pa lwen rive.

ANN CHANJE JAN NOU REFLECHI (ACJNR)

A.L

Facebook Comments

Facebook Comments

Annonces
Afficher plus
Annonces

lelouverture

Le louverture est un media fondé en 2018 par Pierre Louis Elie, présent sur internet. Son nom est inspiré de Toussaint Louverture, l'une des Grandes figures des mouvements anticolonialistes, abolitionniste et d'émancipation des noirs.

Articles similaires

Average Rating

5 Star
0%
4 Star
0%
3 Star
0%
2 Star
0%
1 Star
0%
Bouton retour en haut de la page