Annonces
ACTUALITÉS

Travay sou ou. Kwè nan tèt ou. Tante chans ou. Kenbe pawòl ou…

Annonces
0 0
Read Time1 Minute, 15 Second

Travay sou ou. Kwè nan tèt ou.
Tante chans ou. Kenbe pawòl ou…

Ou wè tout vye panse negatif?
Fè yon efò! Retire yo de tèt ou.
Yo pap sèvi’w anyen lòt ke detwi’w.
E ou wè chak vye tenten ou di?
Fè atansyon! Siveye bouch ou.
Yo pap ede’w akonpli anyen nan vi’w.

Apati de jodia, tout dout dwe kanpe.
Tout moun ki pa kwè nan ou, dwe ale.
Manyen kite plas pou kwayans ou domine.
Konfyans nan tèt ou, sipoze pi bon alye’w.

Sante ou ap amelyore,
chak fwa ou deside fèmen pòt
ki pa pote anyen pozitif nan vi ou.
Valè ou ap ogmante,
chak fwa ou chwazi refize òf
ou konnen ki pap bon pou nanm ou.

Sispann limite tèt ou.
Sispann bliye valè ou.
Sispann gaspiye tan ou.
Sispann neglije sante ou.
Sispann abandone rèv ou.
Sispann souzestime talan ou.
Sispann kache vrè idantite ou.
Sispann bloke bèl benediksyon ou.
Sispann ralanti siksè’w ak richès ou.

Montre ki moun ou ye.
Ou konn tout sa ou merite.
Triye chak opòtinite.
Ou konn kot kle bonè ou a ye.
Pa kite chans ou ekspire.
Ou ka regrèt ke’w pat patisipe.
Pa kouri di sa pap mache.
Ou poko menm eseye.

Wi, ou pare!
Ou pa bezwen strese.
Wi, sa ap mache!
Ou pa bezwen lage.

Tout sa pou’w fè se:
Travay sou ou.
Kwè nan tèt ou.
Tante chans ou.
Kenbe pawòl ou.

ANN CHANJE JAN NOU REFLECHI (ACJNR)
A.L

Facebook Comments

Facebook Comments

Annonces
Afficher plus
Annonces

lelouverture

Le louverture est un media fondé en 2018 par Pierre Louis Elie, présent sur internet. Son nom est inspiré de Toussaint Louverture, l'une des Grandes figures des mouvements anticolonialistes, abolitionniste et d'émancipation des noirs.

Articles similaires

Average Rating

5 Star
0%
4 Star
0%
3 Star
0%
2 Star
0%
1 Star
0%
Bouton retour en haut de la page